Yon Tribinal federal nan Florid, Etazini, kondane John Joël Joseph pou pase tout tan li nan prizon.

833

12 – 20 – 2023

Florid, Etazini__(TRiboLAND) Dosye asasinay ansyen chèf Leta peyi Dayiti a, ap mache kontre koupab yo seryezman nan peyi blan meriken, alòske nan peyi Dayiti, tout koupab yo ap penpennen.

Tribinal federal nan Eta Floride fè yon gwo kout privye. John Joël Joseph, ansyen senatè ayisyen pou depatman Lwès peyi Dayiti e ki genyen 53 rekòt kafe sou tèt li, kondane pou li pase tout tan li nan prizon kòm moun ki te patisipe aktivman nan lanmò ansyen chèf Leta peyi Dayiti a, Jovenel Moïse.

Nan moman odyans lan, ansyen palmantè a ki tap pale fè konnen, lè mèsenè yo te pran desizyon pou egzekite prezidan an, yo pat ka fè bak paske yo te pè pou yo pat fizye yo, yo menm.” Majistra gen pitye pou mw”. Se deklarasyon ansyen senatè Lwès la, ki t ap eseye inonsante li devan tribinal la.

Li enpòtan pou konnen tribinal nan peyi Dayiti pako janm deside sou sò koupab yo, ki jis jounen jodia ap kale kò yo nan pouvwa a, nan tout otèl, makèt, bar ak restoran. Pwemye minis Ariel Henry, se youn pami yon latriye dirijan sangwen ayisyen ki ta endekste nan zak asasinay ansyen pwezidan Jovenel Moise.

Comments are closed.