Funeray Jovenel Moise: Vèv Martine Moise ateri ak piti li nan dezyèm vil peyi a ki an boulvès

816

07/22/2021

Kap-ayisyen______(TRiboLAND) Se anba gwo kòdwon ajan sekirite amerikèn ke vèv Martine Moise rive nan ayewopò Entènasyonal Kap-ayisyen jodi jedi 22 jwiyè 2021 an nan kàd pweparasyon funeray pwezidan Jovenel Moise ki planifye pou demen vandredi 23 jwiyè 2021 an nan lokalite Madlin, Okap-ayisyen.

Martine ki te asanm avèk pitit li te eskòte anba gwo dispozitif sekirite e te pran machin pou yon andwà enkoni. Ansyènn pwemye dàm nan rive nan yon vil ki alafwà ap pwepare pou funeray Jovenel Moise e ki egalman pwèske vle eksploze ak vyolans e pwotestasyon kap reklame jistis pou Jovenel Moise. Plizyè komin nan depatman Nò a kanpe sou bennzenk yo depi yè mèkredi a.

Anpil kawoutchou tap bwile nan antre vil Okap, alòske yon mach te òganize apwè yon mès ki te chante nan katedràl Kap-ayisyen an ki te dedye nan memwa defen pwezidan an. Dirijan mach yo ki te an majorite repwezantan delegasyon depatmantal Nò a, te kandale desann jous Vètyè pou mande jistis pou pitit natif natal depatman Nò a.

Yon jounen manifestasyon ki aksantye ak vyolans, gwo kout zàm tap chante, flanm lafumen barikad 17 otè, yon rakle kout wòch ak boutèy sou yon seri otèl ak restoran te fè mikala w. Sitiyasyon sa te oblije yo vole gagè ak anbasàd Kanadyen an ki te twouve li nan youn nan otèl yo.

Nan deklarasyon ke li fè nan lapwès, delege depatmantal la ki se Pierrot Augustin, konfime ke pweparatif yo ap vanse seryèzman e yo konte travay menm pandan lanwit lan pou konplete tout sa ki genyen pou konplete. Ajoute ak sa, Mesye Augustin alète moun ki konte antre nan Okap nan machin, ap oblije fè devyasyon tèt dwàt anba zèsèl Plato Santral yon faso pou pase bò Rankit, Laviktwà oubyen Bawon akòz “Pon Limit” ke yon gwoup pwotestatè ta ensandye e ki rann antre anndan vil Okap enpwatikab.

Akote ansyèn dàm defakto a, vil Okap resevwa egalman pwezans nouvo pwemye minis defakto peyi a, Ariel Henry. Li te akonpanye minis Afè lòt Bò Dlo a, Claude Joseph ke medya Noticias Caracol nan peyi Kolonbi te akize kòm moun ki ta dèyè asasinay Jovenel Moise la; yon enfòmasyon ansyen pwemye minis a.i ta pwàl demanti nan lapwès.

Nap raple, kòtèj direktè Jeneral a.i. PNH la, Léon Charles ta sanble pase yon move moman ankò jodi jedi 22 jwiyè a anba men yon gwoup militan PHTK sou Pon Ri 5 nan vil Kap- ayisyen an.

Comments are closed.