Yon gwo dife eklate nan FAMV nan Damyen.

942

Fakilte Agwonomi Medsin Vererinè nan Damyen ap naje anba gwo flanm dife, ki lakòz gwo dega, byen bonè jedi 13 mas 2023 a.

04-14-23

Pòtopwens, Ayiti___(TRiboLAND) Dapwè enfòmasyon ki rive jwenn sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, Fakilte Agwonomi Medsin Vererinè ki chita kòl nan Damyen, ta sanble ap naje anba gwo flanm dife.

Pou anpil moun, gwo flanm dife kap layite andedan etablisman sila, lakòz anpil dega. Sepandan, pesòn pako ka evalye kantite pèt ki fèt yo.

Konstui oubyen reyalize sou peryòd okipasyon amerikèn, swa sou prezidans Louis Borno, Fakilte Agwonomi Medsin Vererinè nan Damyen, se sèl epi inik fakilte Leta ayisyen kap desèvi popilasyon an nan kad matyè sila.

TRiboLAND nan moman sa a voye mo rekonfò yo bay fanmiy fakilte a, ki donk, pwofesè, etidyan, pèsonèl soutyen an ak administratif.

Comments are closed.