Kominote HMI la pran gwo kou: Dadou Pasquet, yon gitaris e konpozitè lejandè, di planèt la babay

11/23/2025
Miami, Florid_____(TRiboLAND) Chantè mizisyen, konpozitè e gitaris enpekab ou lejann gwoup mizikal “Magnum Band” lan, ki fè pati kominote HMI la, Dadou Pasquet, di planèt la babay. Se yon veritab kout dlo frèt ak sezisman, lè fanatik enkondisyonèl Magnum Band yo aprann avèk anpil konstènasyon, disparisyon atis mizikal modèn lan, “Dadou”, sou paj li jounen jodi dimanch 23 novanm 2025 lan.
Dadou make yon jenerasyon mizik modèn ki te plis chita sou kapasite nan fè gita pale ak vibre; avèk yon seri akò ki grave nan repètwà patrimwànn mizik ayisyen an. Li te dote tèt li yon touch Jazz Rasinn ki tap elektrifye tout moun ki renmen ak danse mizik. Se tout yon nich konesans ki vòltije jounen jodia; men, ki kite yon seri enpwent imòtèl pou anpil lòt jenerasyon.
Dadou Pasquet, selon revelasyon fanmiy li, pat gaya, li tap fè fas ak yon maladi grav ki egzije manm fanmiy li fè e rekòmande anpil diskresyon ak respè. Konsa, pandan ke soutyen ak kondòleyans yo pa sispann anvayi twàl nèt la, fanmiy lan swete wè respè pou entimite Dadou Pasquet ak tout fanmiy li bò kote piblik la.






