Fantòm 509 achte lari kapital la lajan kontan: yon dizèn machin leta kankannen

241

11\20\20

Pòtoprens____(TRiboLAND) Plis pase yon demi douzèn machin leta bwile nan gro mach katchouboumbe san zatann polisye Fantòm 509 yo òganize jodi vandredi 20 novanm 2020, nan Pòtoprens. Yon leve kanpe san zatann ki te chita sou yon seri revandikasyon sou ajisteman salaryal senkant mil goud san konte yon seri frè venn senk mil goud ak yon latriye egzijans amelyorasyon sosyàl ou kondisyon travay.

 Protestatè Fantòm 509 yo te lonje dwàt sou nouvo Alatèt a.i polis nasyonal la, Léon Charles ke yo estime ki pran enstitisyon polis la daso ak yon nominasyon krizokal ki foule anba pye regleman PNH la. Polisye manifestan ame yo, simen bon jan van panik chape pou’l nan kapital la, notamman nan Nazon, Kafou ayeopò pou rive jous Petyonvil. Anpil magazen te kouri bwit sou kou fèmen pòt yo yon fason pou yo pat viktim anba sekous Fantòm yo ki pap pa fè dega chak fwa yon pran lari.

Anpil gro debloze te rann beton an cho; Fantòm yo ki te tras yo nan drese plizyè barikad anflame nan diferan katye nan Pòtoprens. Dis machinn leta kankannen alòske komisè vil Petyonvil la, Paul Ménard te soti pou fè bouch louvwi ak Fantòm pou yo pat moute Pèleren.

Konsa, yon jounen ki te batize kòm yon veritab tès pou nouvo Alatèt polis la ki deja genyen anpil pakou nan men li, sitou ak lòt menas bò kote zonbi yo ki deja anonse entansifikasyon yon parèy mouvman si tout fwa responsab yo pa reponn ak desiderata yo.

Comments are closed.