Sen Lwi Dinò: konfli ant 2 kousen koz yon mò, yon blese grav ak twa kay ki bwile rapye tè nan lokalite Nan Bèbè

236

01/23/21

Sen Lwi Dinò____(TRiboLAND) Konfli ki te egziste depi yon lane ant 2 jèn gason: Miller Saintil alyas “Wilherm” ak Nehemie koze anpil gro dega nan 3e seksyon Sen Lwi Dinò, Chemen Degranj, nan yon ti lokalite ki rele Nan Bèbè yè jedi 21 janvye 2021 an.

Willer ke Nehemie te arive blese ane pase te toujou sèmante kèlke swa kote li rakontre Nehemie l’ap arive blese’l tou. Konsa jedi pase li te vè 7:00 pm lòske Miller te rankontre e atake Nehemie jiskaske li blese gravman grav. Patizan Nehemie yo pat pran tan pou kouri dèyè Miller ki te ale pran refuj lakay yon moun ki rele madanm Senelon nan lokalite Nan Bèbè.

Popilasyon an te ansèkle kay madanm Senelon an. Konsa, patizan Nehemie yo te arive fizye Miller ki te kache anndan kay la. An revanj, osito fanmiy Miller yo te rive sou pis vyolans lan yo te konstate kadav pwòch yo, “Wilherm”, yo mete dife nan kay madanm Senelon; ajoute a sa, yo te ale lakay manman yon pastè ki rele Dieumème Ambroise e mete dife nan kay la rapye tè akoz Nehemie ki te genyen yon dàm ki te abite nan kay la. Fanmiy Miller yo pat rete la sèlman, yo boule egalman kay yon sèten Angener Augustin ki se yon sitwayen nan rejyon an tou.

Konsta legal yo te fèt an pwezans lajistis ak lapolis ki te òdone fanmiy Miller yo pran kadav la pou transpòte nan mòg nan Sen Lwi Dinò vandredi ki te 22 janvye 2021 an.

Nap raple, Nehemie ki te blese gravman grav ap resevwa swen nan yon sant sante ki pa idantifyàb.

Comments are closed.