Gwoup gang Level la nan Sen Lwi Dinò masakre plis pase 4 peyizan, blese ak manchèt divès inosan e bwile 10 kay

2,109

09/11/2021

Gaspa, Sen Lwi Dinò_____(TRiboLAND) Patizan gwo chèf gang Level ki tap feraye nan komin Sen Lwi Dinò ensandye plis pase 10 kay e masakre yon latriye peyizan nan zòn Nan Bèchen toupre 4èm seksyon Sen Lwi Dinò nan jou ki sot pase yo.

Temwen nan mikwo TriboLAND tap denonse avèk dlo nan je yon gwoup sangwen ki danse kole ak gwoup chèf gang sangwen Level, ki te soti nan Janklè e te pote kole jous bò lokalite Gaspa, atake plizyè pezib peyizan, koupe tèt yo e rache yo ak manchèt. Selon temwen okilè, genyen plis pase kat moun ki mouri ak anpil lòt ki blese gravman grav.

Bandi sangwen yo pat kanpe la, yo te mete dife nan plis pase 10 kay peyizan inosan ki, sèl peche yo komèt se rete andeyò travay latè.

Atravè foto ak video ki rive nan sal redaksyon TRiboLAND, fanmiy viktim yo pa kache endinyasyon yo fas ak yon leta koupyon ke yon ti gwoup otorite krizokal ki senpleman chita nan vil Pòdpè ap pase rès zòn aryè peyi a anba betiz ak fo pwomès sekirite.

Se pa pwemye fwà moun nan plizyè seksyon Sen Lwi Dinò ap pase tray anba men gwoup gang kap bay otorite defi, fè la lwà, fè resèt, kòche zannimo peyizan yo, e egzekite malere peyizan pandan yon latriye fwà anba je swà dizan moun ki fè tèt yo pase kòm chèf nan depatman Nòdwès la.

Antouka, yon lòt masak ankò ki pote anpwent gwoup gang Level la, ki rete yon defi pou Komisè gouvènman, Direksyon Depatmantal PNH la, ak tout lòt otorite ki ta sanble yo pa menm konnen si genyen yon zòn ki rele Gaspa kote ke sansal pa sispan anlve vi moun.

Comments are closed.