Nedy Gedéon mouri anba bal yon ansyen polisye ki rele Mondestin Samson moun konnen sou non Carlos.

804

04 -16 – 2023

Gran Gwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Nedy Gédéon, se non yon jènn gason ki mouri asasinen anba bal ansyen polisye Mondestin Samson moun konnen sou non Carlos bò Lakay li nan lannwit lendi 15 pou louvri maten madi 16 avril 2024 la, nan komin Gran-Gwav, nan premyè seksyon, lokalite Tayino daprè papa viktim nan, Yonyon Gédéon ki konfime enfòmasyon an.

Aprè Nedy Gedéon fin jwen lanmò li, lapolis te entèveni rapid lakay papa viktim nan, ki se Yonyon Gédéon, li te pase yo lòd pou lapolis ale ak kadav la ki tap benyen nan san ni. Yonyon fè konnen se bandi ki tonbe nan fanmi lan.

Nap siyale, okenn moun nan zòn nan, pat vle reyaji nan laprès pou denonse zak malonèt ou kriminèl sa a, ki anrejistre nan lokalite Tayino premyè seksyon Kominal Gran Gwav akoz yo di Nedy Gedéon pat yon bon moun.

Comments are closed.