Lapolis arive mete do 2 bandi atè ki tap trese lèl pou detounen yon kamyon machandiz

820

08/03/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Bandi sangwen nan kapital la pa chome, sepandan lapolis toujou veyatif nan sa ki gen pou wè avèk moso sekirite piblik pou popilasyon an kap moute yon ma swife. Konsa, fòs lòd yo nan Pòtopwens, voye nan peyi san chapo 2 bandi nan kafou Gerald Bataille la jodi madi 3 wout 2021 an.

Selon yon sous polisyè, bandi yo, nan moman yo tap eseye freez yon chofè kamyon machandiz ki imatrikile TM 31920. Konsa, fòs lòd yo ki te abon pòtan te arive konfwonte bwigan yo anba kout zàm; an konsekans, 2 malfwà yo arive tonbe.

Yon sitiyasyon ki te kreye anpil panik e atire plizyè zenyè nan popilasyon an ki te pwofite fè foto eskanmòtè yo ki te etale atè 2 pye devan.

Comments are closed.