2 resòtisan ayisyen mouri ponyade nan komin San Joaquin nan peyi Chili: asasen an kouri chape poul li

434

05/01/2021

San Joaquin_____(TRiboLAND) Polis envestigasyon peyi Chili ap mennen bonjan ankèt sou yon ka feminisid ak yon omisid ki arive fèt jedi swa 29 avwil 2021 an nan komin San Joaquin, nan rejyon metropolitan nan.

Yon fanm nasyonalite ayisyèn pran plizyè kout ponya nan kò li avèk yon zàm blanch; e a kèlke mèt, yo jwen egalman yon mesye ki resevwa anpil kout kouto tou. Dènye viktim sa ta pràl mouri osito ke yo te rive avèl nan lopital Barros Luco, kote ke otorite medikal yo te pwononse lanmò li.

Youn nan ipotèz, ta sanble se ansyen patnè fanm nan ki egalman ayisyen ki ta vini sou katye a, komèt yon parèy krim e chape pou l li. Selon prefè Jorge Márquez, ki se chèf Brigàd Omisid yo, “dàm nan tap bat pou chape a kèlke mèt, men asasen an ponyade’l avèk plizyè kout kouto ki pwovoke lanmò li”.

Antretan, pwokirè Ariel Cancino kap jere biwo Pwokirè Sid la, pa ekate posiblite “yon omisid ak yon feminisid”.

Comments are closed.