Bandi sangwen ki pa idantifyàb piye ak vandalize yon lòt bank ankò ak yon supèmakèt nan Matisan

522

06/29/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Bandi sangwen ame ki pa idantifyàb piye ak vandalize yon bank ak yon supèmakèt nan Matisan sou wout nasyonal numewo 2 gwo jounen jodi madi 29 jwen 2021 an.

Bandi sa yo ki ap fèt e founi depi konbyen ane nan Matisan, finalman transfòme yon parèy komin an yon veritab “Vallée de la mort”, ki dekonekte plis pase 3 depatman ak rès kapital la.

Antouka, anba je gouvènman “lòbèy” ou “malad mantal” Jovenel Moise la ki se alye bandi yo, yon bank komèsyàl UNIBANK ak yon supèmakèt arive piye e vandalize nan Rivera Plaza, Matisan, basyon bandi kidnapè yo kap teworize popilasyon an. Kidonk, sangwen ki asosye ak Jovenel, Barbecue ak Dimitri yo, mete 2 biznis sa yo tèt anba jodi madi a gwo midi. Yo kraze vit e bwote tout sa yo kapab e ale san kè sote!

Konsa, se akonplisman avètisman gwo chèf gang Izo te fè, lòske li te anonse 2 semèn pase ke li pwàl kòmanse kraze tout bank yo. Nap raple, sa pa gen lontan yon sukusal Sogebank subi menm piyaj la nan Matisan 15, nan lanwit ki te 21 pou rive 22 jwen 2021 an. Bwavo PHTK! Bon travay destabilizasyon ak efondreman Ayiti!

Enel Richard, Pòtopwens

Comments are closed.