Guerby Geffrard, pòt pawòl SPNH-17 la ant lavi e lamò apwè ke 3 bandi motosiklèt krible l yon lòt fwa ankò anba bàl

496

06/29/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Pòt pawòl SPNH-17 la, Guerby Geffrard nan yon eta kritik apwè ke li fenn resevwa plizyè bàl anba men twà bandi goril ame sou motosiklèt apwè midi madi 29 jwen 2021 an nan Pòtopwens.

Bandi sangwen yo vide Guerby atè ak 3 bàl nan Delma 32; se bon pwochen ki gen kè nan men ki arive kouri bwit sou kou lopital avèk sendikalis SPNH-17 la ki nan yon eta deplorab, dapwè plizyè sous polisyè.

Nap raple, sa pa genyen lontan ke Guerby te trouve l nan menm sitiyasyon sa: anpil gwo rimè sou asasinay ak lanmò li anba kout zam bandi ame. Konsa, mirakilezman viktim nan ta pwàl reyaji atravè yon mesaj anrejistre pou te konfime atak kriminèl te fè sou li a, ak bay popilasyon an garanti ke li te toujou anvi.

Comments are closed.