Atak kont pòs polis Drouillard a, montre aklè nan ki salte administrativ peyi a ap naje

570

06/06/2021

Site Solèy_____(TRiboLAND) Yon gwoup nèg ame jous nan dan atake pòs polis Drouillard a, yè samdi 5 jwen 2021 an vè 9è nan aswè, dapwè yon sous fyàb kominotè.

Bandi san fwa yo, arive sezi plizyè materyèl zàm polisyè. Yo anlve yon polis fanm e egzekite enspektè Adolphe Miradel, ki se responsab “antèn polis” Kafou Drouillard ak Estasyon Gonaiv la, tap fè rektisans pou remèt zàm li nan moman atak la.

Dejou anjou, aktivite gang nan peyi Dayiti ap pwopaje avèk anpil velosite, konfòtabilite ak enpinite. Yo trè alèz pou antre e egzekite sitwàyen anndan lakay yo jan yo vle, bwile kay, enpoze lwà, radote e fè menas nan medya, mache pran tèritwà nan figi yon pouvwa diktatè abolotcho demonyàk kap efondre peyi a sou enfliyans dwòg ak enbesilite.

Yon parèy sitiyasyon tèworis ak efondreman leta a, jwen benediksyon pouvwa retade ou vwayou PHTK a ki asèpte gansterize peyi a, fè fòtin kèlke swa jan sa ye ak ensekirite, kidnapping, kòripsyon, dad piyan sou transfè dyaspora a, komès ou distribisyon dwòg ak zàm nan katye pòv yo, krim deta, masak nan katye abandone yo, stokaj lajan ameriken an atravè aktivite kidnapping ak egzekisyon sitwayen chak jou ki pase, san konte patisipasyon fawouch yon fwanj nan kominote entènasyonal la ki pa inosan nan pouse yon parèy ajanda ki konplètman vize pou ekstèmine pwemye peyi nwà ki te libere tèt li anba chouk dan kolon sangwen.

Polisye ki pa wè klè nan yon parèy deteryorasyon, pa reyalize ke pouvwa PHTK, ekip gang tèt kale yo, fè yon sèl ak bandi alòske menm bandi sa yo ap atake, elimine polisye e antre menm nan baz yo pou egzekite e fè men miz sou materyèl leta.

Evènman ou tòchon ensekirite a pran yon vitès enimajinab nan yon pwen kèk kritik panse ke Ayiti pa lwen pou kite dèyè sitiyasyon efondreman Somali a avèk yon seri dirijan kokorat ki reyèlman rich an malfòmasyon e ki pa an mezi pou konpran ki sa ki rele yon “PEYI”!

Pouvwa PHTK a, ki genyen plis pase yon demi douzèn lane manda ak tout machin ou menopòl leta nan men li nan kàd pou bay sekirite domestik atravè fontyè, ladwann ak enstitisyon etatik e latriye, 80% responsab nan efondreman Ayiti jounen jodia. Ke nanm enspekte Adolphe Miradel ak tout lot polisye ki mouri inosamman tounen yon fwèt pesekisyon ak yon touman etènèl kont tout kriminèl manyak ki konplote ak gang ame nan asasinay li e ki ranje ak lòt klan pou efondre Ayiti!

Enel Richard

Comments are closed.