FRN, bwanch Grandans, anonse pou demen lendi 18 mas 2024 lan, manifestasyon pasifik pou mande enstalasyon GUY PHILIPPE, Jij Durin Junior Duret ak Doktè Françoise Saintvil Julien nan palè nasyon an.

919

03 – 17 – 2024

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Kòdinasyon depatmantal Fron Rekonstriksyon Nasyonal, bwanch Grandans (FRN) egzije aplikasyon Rezolisyon revèy nasyonal lan, ki genyen ladan l, enstalasyon Konsèy Prezidansyèl la ki konpoze ansyen Senatè Grandans Guy Philippe, Jij Durin
Junior Duret, ak Doktè Françoise Saintvil Julien, pou mennen bak peyi a, ak òganize bonjan eleksyon.

Nan kad batay pou egzije sa rive fèt, Fron Rekonstriksyon Nasyonal bwanch Grandans, anonse pou demen lendi 18 mas 2024 lan, manifestasyon pasifik, ki pap anpeche sikilasyon moun ak fonksyonman lekòl yo.

Si non ke yo fè konen si enstalasyon Konsèy Prezidansyèl yo,pa rive fèt jan FRN vle a . FRN- bwanch Grandans lan, profesè Fristz Gerald Frédéric, ap oblije chanje fizi yo zèpòl, pandan yo voye jete demach delegide pwopozisyon KARIKÒM yo.

Comments are closed.