Yon bò nan yon building plizyè etaj tonbe nan Avni Collins, plizyè douzèn ponpye Miami – Dade pote kole

679

06/24/2021

Miami______(TRiboLAND) Yon bò nan yon riske building sot tonbe sanzatann devanjou maten jedi 24 jwen 2021 an, sou Avni Collins, dapwè Ponpye Miami-Dade. Plizyè douzèn sekouris nan konte e atravè plizyè vil pote kole sou plas pou yon repons masiv, dapwè sèvis ponpye Miami-Dade nan yon tweet.

Otorite yo oblije fèmen zòn tankou Ri 88 ak Avni Collins. Building nan lokalize a yon blòk zòn limitwòf nò vil Miami Beach; vil Surfside ki lonje Avni Collins, sid Bal Habour kote ki genyen yon pakèt otel ak kondo.

Selon otorite polisyè yo nan Miami Beach, efondreman fèt nan 8777 Avni Collins, Champlain Towers. Yo poke enimere dega yo ak kantite moun ki mouri nan yon parèy aksidan bwit sou kou.

Comments are closed.