Florid arive bat yon rekòd 4,000 ka enfekte nan sèlman yon jou
Talahasi____(TRiboLAND) Depatman Sante Eta Florid la rapòte pwèske yon 4,000 ka enfekte kowonaviris anplis jodi vandredi 19 jwen 2020 an, ki pwèske bay yon total 90,000 selon dènye rapò otorite yo fè sòti.
Rapò jodi vandredi a revele pi gwo chif ka enfekte ke eta Florid pa janm genyen nan yon sèl jou. Selon kèk pwojeksyon syantis nan Children’s Hospital of Philadelphia ak University of Pennsylvania, Florid reyini tout kondisyon pou li devni pwochen episant transmisyon kowonaviris la.
Comments are closed.