Kowonaviri: Plis pase 3,900 mò nan yon espas 24 èdtan nan peyi Etazini, yon nouvo rekò tèt chaje

439

12/31/20

Wachennton____(TRiboLAND) Avèk 189.671 nouvo ka kovid-19 an 24 èdtan, peyi Etazini ap galbende pandan l’ap avanse sou 20 milyon kontaminasyon.

Nan dènye 24 èdtan sa yo, 3.927 moun anplis mouri anba kowonaviris nan Etazini, yon nouvo rekò nan peyi a ki se peyi ki pi an dèy nan lemonn, daprè estatistik inivèsite Johns Hopkins mèkredi 30 desanm 2020.

An gro, depi kòmansman epidemi an, 341.845 moun mouri anba kowonaviris nan premye pwisans ekonomik mondyàl la, daprè chif Johns Hopkins yo.

Aprè ke peyi a depase 19 milyon ka dimanch pase, l’ap vanse sou 20 milyon kontaminasyon. Peyi End, trouve li an dezyèm pozisyon, li dèryè avèk 10,2 milyon ka kovid-19. Etazini ap konfwonte yon lòt rakle espektalilè depi otònn, nan moman fèt fanmiy “Thanksgiving” nan fen mwa novanm lan e fèt fen dane yo pral konplike sitiyasyon an pi plis.

Youn pami pi gwo imunològ ameriken Anthony Fauci deklare dimanch ke sa po ko anyen la! Kanpay vaksinasyon a, kote ke prèske 2,8 milyon moun deja pran mèkredi yon premye dòz, sa pa pote twòp amelyorasyon nan kantite ka yo k’ap monte.

Comments are closed.