Sen Lwi Dinò : Lapolis vide atè yon bandi sangwen ki tap fè lapli ak bontan

302

09\01\2020

Sen Lwi Dinò____(TRiboLAND) Yon bandi sangwen jwenn lanmo’l avan yèswa nan komen Sen Lwi Dinò

Kèk ed tan sèlman aprè mach sektè pwotestan ki tap denonse ensekirite kap taye banda nan vil la, lapolis krible anba bal yon bandi ki se chofè chèf gang Levelt, yon jeneral toupisan kap enpoze lwa’l nan vil la.

Aprè bandi sa ki te fin ransone ti machann sou plas la vè 10è konsa, li te maltrete yo anplis de sa, li achte nan men yo e refize peye. Lè yo mande’l peye, li montre machann yo zam ki te sou li.

Se konsa nan chèche wout pou rantre nan baz li, bandi sa te kwaze ak yon patwouy lapolis ki te gentan enfome de sitiyasyon an. Nan twoke kòn ak lapolis, ganstè a ke anpil moun konnen sou non « Ti Tonton », te rive pèdi lavi l aprè’l resevwa plizyè katouch nan tèt li.

Anpil moun bat bravo pou gwo pwason sa lapolis pran e popilasyon Sen Lwi Dinò a swete bandi yo resi jwenn bouchon yo.

Lesly Eliodor Joseph

Comments are closed.