Dràm nan komin Pestèl: yon jèn gason pann tèt li nan Dichiti

961

09 -15 – 2023

Dichity, Ayiti_____(TRiboLAND) Sonel Michel, se yon jenn gason, nan komin Pestèl zonn senkyèm seksyon kominal Dichity, ki deside pann tèt li, aprè lapolis ak lajistis te finn arete 2 lòt jenn gason Sonel Michel te vann yon 9 milimèt san papye legal .

Pou anpil moun, Sonel Michel chwazi pann tèt li yon fason pou li pat konparèt devan jij, paske genyen enfomasyon ki ta fè kwè 9 milimèt lan se yon zam cho.

Nap fè remake, 2 jenn gason ke lapolis ak lajistis apweande yo ap fè nan prizon pou swit jiridik.

Comments are closed.