Grav aksidan sou wout Obè a : yon chofè moto pèdi lavi li

Obè, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon aksidan sikilasyon grav rive jodi madi 07 oktòb 2025 lan, vè 9è nan maten sou wout Obè, akèlke kilomèt vil Pòdpè. Dràm sila te manniganse lòske yon machin antre an kolizyon ak yon motosiklèt. Daprè temwayaj moun ki te sou plas, chòk la te vyolan e li lakoz lanmò chofè moto a sou plas.
Viktim nan idantifye kòm Maxonel Baltazard, yon abitan zòn Kasav, ki tap vwayaje nan direksyon Chansòlm nan moman aksidan an. Selon revelasyon preliminè yo, machin nan tap vini nan sans opoze e okenn siy klè pat pèmèt detèmine egzakteman ki moun ki antò.
Aprè aksidan an, popilasyon an te reyaji avèk anpil doulè, pandan yo lanse yon S.O.S bay otorite yo pou pran mezi nesesè sou wout sa a yo key o konsidere kòm male pandje. Yo mande enstalasyon pano sinyalizasyon ak mezi sekirite wout pou anpeche lòt trajedi konsa rive ankò.
Pou kounye a, otorite lokal yo poko fè okenn deklarasyon ofisyèl sou sikonstans aksidan an, men yo anonse yon ankèt ap mennen pou detèmine rezon egzak kolizyon an.






