Lakou Dapèl tande ansyen Komisè Gouvènman Pakè Pòdpè a, Mèt Michelet Virgile

304
1
Share:
TRiboLAND


07 – 31 – 2024

Pòtoprens, Ayiti ______(TRiboLAND) Lakou Dapèl tande jounen mèkredi 31 jiyè a, ansyen Komisè Gouvènman Pakè Pòdpè a, Mèt Michelet Virgile nan gad dosye trafik zam ak minisyon nan vil Pòdpè nan mwa jiyè 2022.

Nan kad entèvansyon ansyen Komisè Pakè Pòdpè a, li reyafime sa ki di nan òdonans jij la ak pèkizisyon li te fè lakay moun yo se 2 bagay diferan. Nan moman li te enfòme gen yon eskandal sou wàf Pòdpè a, li te ale ak jij Depè. Konsa, sezi a te fèt sou waf la, men pat sou bato a.

Lè jij nan Lakou Dapèl la mande Virgile ki jan-l fè rive Pòtoprens, li reponn menm li, li pa konnen paske la lwa trase me kijan sa dwe fèt lè yon Majistra gen pwoblèm.


Ansyen Komisè a ki nan prizon depi anviwon 2 lane mande jij nan Lakou Dapèl yo pou kite-l al jwenn fanmi-l nan vil Pòdpè. Antouka, afè a pa fin tande, randevou kase pou yon lòt odisyon pou mèkredi 7 dawout kap vini la.

Share:

1 comment

Leave a reply