Kovid-19 la ap mande gwo najè: li pote ale yon bon valè moun, notamman Pastè Emmanuel Sanon, direktè Collège Excelsior

521

05/22/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Ayiti leve jodi samdi 22 2021 an anba plizyè ka lanmò sanzatann. Tanto yo okazyone avèk “malèz oubyen domi pa leve,” selon kritik yo kap swiv retou agresif kowonaviris la deprè. Selon plizyè media nan kapital la, pastè Emmanuel Sanon a ta sanble ta fè fas ak konplikasyon ki tèt koupe ak sentòm kovid-19 la.

Plizyè latriye ka mòtèl ki gen pou wè avèk kovid-19 anrejistre atravè peyi a; yon sitiyasyon ki egzije popilasyon an mache sou trèz pou pa pile katòz avèk aplikasyon jès barye yo ou pwotokòl sanitè yo. Konsa, dènye enfo yo fè eta yon bon valè moun ki mouri tankou yon jij supleyan nan Tribinal depè Pòdpè a ak direktè ONA a nan Pòtpwens.

Comments are closed.