Me Eddy Gervé dòmi li pa leve: popilasyon Nòdwès la anba gwo chòk

491

05/22/2021

Pòdpè______(TRiboLAND) Me Gervé Eddy, jij sipleyan Tribinal depè Pòdpè a, mouri nan lannuit vandredi 21 me 2021 an. Jounen samdi saa, anpil moun nan depatman Nòdwès la, vil Pòdepè ap kriye anpil devan kadàv potorik gason saa, Me Eddy ki dòmi san leve.

Selon kèk moun nan popilasyon Nòdwès la, Me Gervé Eddy, se te yon bon Majistra egzanplè, jis e onèt. Li te toujou fè tout sa li kapab pou li bay Jistis ak mounn ki merite’l. Konsa, anpil nan sa yo ki te konpwan fason ke li travay e respekte moun, santi absans li pràl resisite yon lòt fwa ankò plis defayans nan livrezon jistis la nan Nòdwès.

Jounal anlyin TRiboLAND ap di “Bon Travèse a Me Gervé”, e li pwezante senpati bay fanmi defen an ak tout avoka ou  kòlèg li nan Tribinal depè Pòdpè a ki fwape anba yon parèy disparisyon pap padap.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.