Repiblik Dominikènn: imigran ayisyen ap trese lèl pou retounen lakay

377

Sen Domeng___(TRiboLAND) Plizyè enstitisyon mete tèt ansanm pou egzekite yon plan pou repatriye imigran ayisyen kap viv nan repiblik dominikènn apwè ke yo fenn pèdi tout sa yo te posede akoz enpak ekonomik la ki gen pou wè avèk dispozitif ki te pran pou kontwole kowonaviris la nan peyi panyòl.

Lil Fondasyon (FZ) ki genyen Edwin Paraison kòm alatèt konfime ke genyen 3 sèktè kote ke ayisyen yo travay ki touche seryezman depi kòmansman konfinman an sou tèritwa repiblik dominikènn an: konstriksyon, tourism ak ekonomi enfòmèl.

“Sa se rezon fondamantal ki antoure gwo aktivite mouvman retounen lakay la,” dapwè Pariason ki tap depoze.

Comments are closed.