Otorite PNH yo arive entèsete yon bato nan komès ilegal zangi ilegal nan Fòlibète

12 – 23 – 2024
Fòlibète, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon operasyon tranble janm ak konplisite ajan dwanye yo e jij Depè, otorite yo nan PNH yo arive entèsepte yon bato sispèk ki tap transpòte zangi nan alantou pò Fòlibète a. Selon enfo ki arive jwen TRiboLAND, bato sila ta lage li nan aktivite zangi ilegal, yon pwatik kap depafini ak ekosistèm nan.
Nan moman operasyon an, kaptèn batiman an leve pran lyenn ou chape poul li, alòske otorite yo jwenn yon serif ich pèyman abò bato a ki te chaje ak zangi. Enfo yo fè konnen ke genyen enplikasyon plizyè otorite reselè nan nivo administrative ki fasilite yon parèy kontrebann. Pou kèk moun, se pa premye fwa trafik ilegal zangi sila ap manifeste nan pò Fòlibète, yon deriv ki remete an kesyon sekirite maritime anndan peyia.
Se konsa, otorite yo konte kontinye avèk ankèt yo, nan lide pou arive boske e mare kon krab konplis ak mèt afè ki ap eksplwate zangi ilegal nan rejyon an. Filyè zangi a, se youn nan resous ki trè rapòte nan peyi Dayiti; anpil antreprenè pa sispann ap batay seryezman pou jwen lisans ekspòtasyon an, selon yon sous ANAFARH, Association Nationale des Fournisseurs d’Anguilles de Rivière d’Haiti.






