Yon ka sispèk kowonaviris ta sanble anrejistre nan Limonad, Nò peyi Dayiti

0 407

Limonad___(TRiboLAND) Yon pwofesè nan Inivèsite Limonad, nan Nò peyi Dayiti ki abitye vwayaje nan peyi Etazini oblije pase an karantènn akoz li manifeste yon seri sentòm ki tèt koupe avèk sentòm kovit-19 yo.

Se vre pwofesè a soti nan peyi ki deja genyen kovit-19 la; men tou li pwezante sentòm ki sanble ak sa ke yo dekri kòm sentòm grip la. Responsab sante yo deja sezi de ka e yo nan pwosès pou kondwi yon egzamen laboratwa pou verifye si reyèlman li enfekte.

Selon yon sous pwòch Konsèy Jesyon Inivèsite Limonad la, Konsèy la deside mande tout pwofesè, pèsonèl administratif ak etidyan pou yo tout rete lakay yo demen Mèkredi 18 Mas jiska Dimanch 22 Mas 2020 jiskaske yo gen resilta test la nan 48 èd tan

Leave A Reply