Me Mertilus Andalasse, orijinè site Kapwa Lamò a mande pèp ayisyen an pran chimen beton an.

478

05/10/2021

Pòdpè_____(TRiboLAND) Yon semèn aprè echèk manm Konsèy elektoral prezidansyèl la nan Nòdwès nan kad deba sou referandòm konstitisyonèl Jovenel Moïse la, Pwofèsè Mertilus Andalasse ki se premye inisyatè mouvman saa nan depatman Nòdwès la, te adrese l dirèkteman ak popilasyon ayisyèn nan jounen lendi 10 mai 2021 saa, pou mande popilasyon an pran chimen beton an.

Mertilus Andalasse pa t mete dlo nan bouch li pou l di jounen lendi 10 me saa ki fè 8 jou depi Opozisyon an nan Nòdwès lanse operasyon “DEMASKE”. Pou Mertilus Andalasse, Operasyon saa ap pèmèt yo rive deboulonnen diktatè ki kache dèyè referandòm pou fè tan pase a, tabli rejim bout di, vann peyi Papa Desalin nan bay peyi etranje, legalize kòripsyon ak asasinay.

Konsa, orijinè site Kapwa Lamò a, voye yon gwo kout chapo bay tout jenn Fanm ak jenn gason nan peyi dayiti tankou lòt bò dlo ki genyen menm foug ak menm detèminasyon avè l pou kontinye goumen ansuit fè echèk ak referandòm chanpwèl Jovenel Moïse la.

Genson Hyppolite

Comments are closed.