Joseph Mécène Jean-Louis pwomèt fanmiy polisye viktim Village de Dieu yo jistis ak dedomajman

216

03/19/2021

Gonaiv______(TRiboLAND) Prezidan dezinye a, Joseph Mécène Jean-Louis mande pou mobilizasyon popilè yo kontinye fè chemin  yo san pran souf yon fason pou mete do diktatè Jovenel Moise atè. Nan yon mesaj odyo li mete deyò, leader a di li reyèlman santi kè’l ap dechire lè l’ap gade trajedi 12 màs dènye a ki lakoz bandi sangwen Village de Dieu masakre e touye 6 polisye san konte yon latriye lòt ki blese gravman grav. Mécène deklare li detèmine nan mèyè moman, fòk viktim yo jwen jistis.

Chèf deta ki nan kanpe lwen pa pwoche, di li sezi wè menm kò polisye yo pa arive rekupere yon fason pou fanmiy viktim yo t’a pwosede ak yon fineray diyn e respèktab pou polisye yo. Konsa, li ajoute ke diktatè pa danse kole ak lavi. Mobilizasyon manch long nan respè ak lapè, dwe kontinye ap vale teren atravè tout peyi a nan lapè, yon fason pou mete yon pwen final ak bagay PHTK a.

Pou prezidan tranzisyon an, kominote entènasyonal la dwe reyalize ke eleksyon nan yon kontèks ensekirite jeneralize, enstabilite, ak absans kàt elektoral parèy, pa posib nan peyi Dayiti. Li preferab pou yon parèy kominote ta pito solidarize li avèk pèp ayisyen ki bouke viv nan enjistis tout kalite.

Comments are closed.