Pèp ayisyen fè yon fwon komen pou di “NON” ak diktatè, ensekirite, kòripsyon ak respè atik 134-2 a

222

02/28/21

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Kontrèman ak moun ki te konprann pèp ayisyen an plonje nan rezinyasyon; konsa, yo tronpe yo atravè jounen mobilizasyon nasyonal masiv, ki yon veritab “minn fwoumi” ki temwanye yon detèminasyon fèm pou kanpe kont diktatè Jovenel Moise.

Moun pat kapab kontrole ki kantite lidè ou dirijan politisyen, atis, jounalis, pwofesè, pastè, près entènasyonal e kretyen melanje ak tou kalite, te fè yon kò pou denonse ONU, OEA, core group ki soti pou efondre peyi ak konplisite ansyen prezidan Jovenel Moise.  

Yon demonstrasyon demokratik kote ke oken kawoutchou pa bwile e san deblosaj wòch nan kòmansman manif la. Obsèvatè yo nan gro difikilte pou denonbre kantite patisipan yo ki te reyini tout kalite kouch nan sosyete ayisyèn nan ki fè prèv yon maturite demokratik. “Kafou Rezistans lan,” nan kòmansman te boure e pat kapab resevwa latriye diferan group pwotestatè ki te soti nan diferan nich nan vi nasyonal la ki tap foule beton an granmoun nan plizyè ri nan kapital la jiskaske yo ateri nan Juvena, Petyonvil pou bay diktatè a ansanm ak Madanm La Lime (BINUH) ke yo kalifye mafya, rasis, e raketèz ki nan konfyolo ak pouvwa kidnapè pou enstore yon diktatè sou tè Desalin nan.

Protestatè yo te gen anpil pankat piman bouk kont kominote entènasyonal la kap konplote pou enpoze yon diktatè anndan peyi a. Yo lonje dwàt sou nouvo prezidan an Etazini an, Joe Biden; Madanm La Lime (BINUH) e Anbasadè Etazini an ke yo akize rasis e raple yo ke peyi a se peyi Desalin, Tousen, Kapwà Lamò li ye: “Go Home,” daprè pastè Gerald Bataille, youn nan inisyatè mouvman an ki tap depoze nan lang angle.

Yon mach ki pase sen e sof; oken ensidan alòske plizyè medam patisipan te pwofite ofwi plizyè bouke flè bay lapolis ansiy fratènite ak lapè; yon jès ekstrawòdinè ki te trè emouvan. Li konplètman difisil pou idantifye pwen negatif bò kote lapolis ki te reyèlman pran responsablite pwofesyonèl li.

Rive sou Plas Kanapevè youn pami nan cha pwotestasyon yo ta sanble pèdi direksyon e baskile ekoz plizyè moun ki ta subi domaj ki pa mete vi yo andanje. Yon jounalis Radyo Zenith ki pote non “Muraille Jean Mirtho” ki te sou cha blese. Konsa, anbilans ou chofè moto pat pran tan pou transpòte viktim yo lopital. Sepandan, cha baskile a pat anpeche mouvman manifestasyon an kontinye tèt dwàt pou Champs Mars kote ke te deja genyen yon pakèt moun ki te deja sou bennzenn yo.

Anpil kawoutchou tap bwile sou Champs de Mars la; e se la, anpil gaz lakrimojèn pou avakye militan ki tap bwile kawoutchou e lanse wòch fas ak fòs lòd yo tankou pou klotire jounen manifestasyon an.

Comments are closed.