Nan Jeremi sou direktif SOFA bwanch Grandans, plizyè dizènn moun pwan lari pou di non ak kesyon referandòm malatyong lan.

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Sou direktif Solidarite Fanm Ayisyènn (SOFA) Branch Grandans, plizyè dizènn manm nan popilasyon an manifeste pasifikman pou di non a kesyon referandòm malatyong ekip initil ki sou pouvwa vle enpoze pèp ayisyen an.
Avèk sekirite lapolis, manifestan yo pat manke mete pou inisyatè komite pilotaj la ki vle mete Ayiti sou pilotaj eksplwatasyon otomatik ak etranje. Dirijan SOFA yo nan Grandans, mande pèp ayisyen an, pou rete vijilan yon fason pou kouri dèyè gang a kostim sa yo, ki vle lage peyi a nan malsite plis ke jan mesye dam yo mete’l depi yon bon bout tan.
SOFA kontinye pou’l di, li lè li tan pou genyen yon leadership serye anndan peyi a, menm jan sa fèt nan tout lòt peyi sou latè. Si sosyete a vle sou ray gouvènans, jije tout lidè politik, minis, direktè, sekretè, militant politik kap bwase, depite, senatè ak majistra ki patisipe nan efondreman peyi Dayiti, se ap yon gro egzanp pou kwape vòlè ou kòripsyon!






