Egzekitif defakto : referandòm konstitisyonèl tèt dwàt

384

04/20/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Yon latriye vwa nan klas politik la pa sispann denonse pouvwa defakto Jovenel Moise pou pèsistans li nan inisyativ konteste bwiganday referandòm konstitisyonel pwograme a.

Nan yon tweet ke li mete deyò, konseye prezidan defakto Moise la, Guichard Doré konfime ke rejim nan pwente tèt dwàt pou referandòm e li pat kanpe pou pèpap. Konsa, nasyon an pwàl genyen konstitisyon 21èm syèk li, li pwàl bay yon seri jèn l opòtunite ak posibilite pou fanm ak nèg sèvi peyi yo, rann pouvwa leta yo fonksyone pi byen ak ranfòse lalwa ak larèg”, dapwè Guichard Doré ke anpil kritik estime enkonpetans li lage peyi a nan plis katchouboumbe.

Paralèlman, PHTK ki se pwòp pati ansyen pwezidan Jovenel Moise, poze gwo pwoblèm teknik, modalite, ekskluzyon nan yon inisyativ referandòm konstitisyonèl ki pa jwen benediksyon oken fòs viv politik atravè peyi a.

Comments are closed.