Sen Lwi Dinò : popilasyon an riske viv yon dràm akoz vole kap dechèpiye strikti metalik yon pon

481

05/08/2021

Sen Lwi Dinò__________(TRiboLAND) Nan visit pawezaj ekip repòtaj TRiboLAND yo nan vil Sen Lwi Dinò, anpil sitwayen konsekan deplore vye pwatik kriminèl yon ekip sitwayen ap fè nan vil la, patikilyèman nan deboulonaj e brote ale strikti metalik yon pon ki poko menm inogire.

Residan yo mande konkou fòs lòd yo pou fwennen nenpòt kòman yon parèy zak mechanste ki riske okazyone gwo aksidan mòtèl sou “Pon Larivyè Ba” nan Sen Lwi Dinò ke eskanmòtè yo ap dechèpiye pyès pa pyès e ale vann pou yon ti pousyè mounen.

Divès pati nan strikti metalik pon koute Leta ayisyen anpil gwo lajan alòske bandi ou eskanmòtè deboulonnen balustrade anfer yo e ki touswit konstitye yon menas ki kapab lage moun anba.

Vòlè materyo metalik nan yon seri pon atravè peyi devni “faits divers”; sepandan plizyè kote nan peyi anrejistre plizyè vòl ki okazyone pèp souvren pase vòlè fer yo alenfinitif!

Ychmuth Corneille

Comments are closed.