Ki kote nou ye la! Gwoup gang kidnapè Village de Dieu ak Grand-Ravine asèpte fè yon trèv.

468

05/08/2021

Dapwè sa ke Commission Nationale de Désarmement, Démantèlement et Réinsertion (CNDDR) konfye jounal “Le Nouvelliste”, gwoup gang ame Village de Dieu ak Grand-Ravine ki gen kontwòl antre Sid kapital la, asèpte obsève yon trèv sou mouvman kidnapping nan.

Desizyon yon parèy dispozitiv, sòti nan anpil negosyasyon rale mennen vini ant  responsab CNDDR yo avèk plizyè group gang ki achte zòn sid kapital la lajan kontan.

Pandan ke dure yon parèy trèv ou repi pa janm defini, sepandan responsab bwàt sa ankouraje otorite yo pou yo pran tout dispozisyon ki genyen yon fason pou kapab re-enstore lapè ak sekirite atravè kapital la.

Sa pa gen lontan, Jovenel Moise te kalifye CNDDR kòm reselè ki pa sispan bay popilasyon an yon katafal manti nan pa vle pibliye non gwo potanta ki enplike nan komès ak distribisyon zàm anndan peyi a.

Comments are closed.