Sen Lwi Dinò anba laterè akòz atak bandi Ti Rach

Sen Lwi Dinò, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan lannwit madi 7 oktòb 2025 lan, yon gwoup bandi ame ki gen nan tèt li yon sangwen gang rele Ti Rach, simen laterè nan zòn Dègranj, nan komin Sen Lwi Dinò, depatman Nòdwès la.
Daprè plizyè temwayaj moun nan popilasyon an, bandi yo te sòti nan baz yo epi desann sou lari a ap tire kout bal san rete pandan plizyè minit. Sitiyasyon an te kreye yon klima laperèz ak kè sote nan mitan abitan yo ki te oblije kache pou sove lavi yo.
Selon enfòmasyon medya lokal Topvens Info News, malfwa yo ta rive boule 2 kay nan katye Site Bwav, epi kidnape 2 jèn fi pandan operasyon laterè sila.
Anpil moun nan komin nan eksprime kòlè ak dezespwa yo fas ak enpinite ak ensekirite kap vale teren nan depatman an. Yo lanse yon apèl prese bay otorite lokal yo ansanm ak Direksyon Depatmantal Nòdwès Lapolis la (DDNO/PNH) pou yo pran mezi ki nesesè pou retabli lòd ak sekirite nan zòn nan.
Jiska moman sa a, pa gen okenn enfòmasyon ofisyèl sou entèvansyon lapolis oubyen arestasyon ki fèt nan dosye sa a. Pandan tan sa, popilasyon Sen Lwi Dinò a kontinye ap viv nan kè sote ak laperèz, yo mande Leta a pou l aji anvan sitiyasyon an vin pi grav toujou.






