Lapolis nan depatman Sidès peyi Dayiti poze lapat sou yon evade prizon.

06 – 06 – 2024
Jakmèl, Ayiti__(TRiboLAND) Lapolis Nasyonal Dayiti kontinye ap mete anba kòd prizonye ki te sove nan kad evazyon prizon sivil pòtoprens ak prizon sivil Kwadèboukè a.
Lapolis nan depatman Sidès peyi Dayiti, patikilyèman nan Bèlans poze lapat sou Sylvestre Josué, yon jèn gason 31 lane ki te sove kite prizon penitansye nan kad evazyon 2 mas ki sot pase a. Dapwè enfòmasyon Sèvis Depatmantal Polis Jidisyè nan Sidès peyi Dayiti pataje, jèn gason 31 lane a, ki te jwenn arestasyon li nan lane 2012, avwe ke li se yonn nan prizonye ki te lage pye li, nan moman evènman kraze prizon 2 mas pase a.






