Kazèk 3e seksyon komin Sen Lwi Dinò prezante majè problèm seksyon an nan lapwès

256

09\30\20

Sen Lwi Dinò____(TRiboLAND) Kòdonatè twazyèm seksyon komin Sen Lwi Dinò a, Msye Saintilme Saintilus prezante bay lapwès jounen mèkredi 30 septanm 2020 an, yon krèy pwoblèm majè seksyon kominal l’ap dirije a ap konfwonte.

Bagay yo mongonmen! Si nou vle kwè Msye Saintilme Saintilus, pwoblèm lekòl, pwoblèm dlo, pa gen sant sante, san konte bandi ak zam kap taye banda pasi pala nan vil la.



Malgre gen manje nan seksyon kominal la, sa pa anpeche daprè kowòdonatè kazèk la, pwoblèm wout agrikòl yo lakòz pwodwi lamanjay peyizan yo tonbe nan merilan, san konte bandi ki anvayi yo, boule kay yo, sa ki lakòz yo kite kay, jaden ak zannimo dèyè.

Yon sityasyon ki pouse kazèk la fè demach li bò kote gouvènman Moise-Jouthe la, won bè, won ti sale! Li kontinye pou’l di, malgre pwomès 731 mil goud pouvwa a te fè nan fon kominal la, nad marinad!

Pou fini, Msye Saintilme Saintilus mande non sèlman ak bandi san fwa ni lwa nan komin Sen Lwi Dinò sispann goumen antre yo. Popilasyon an about e yo pa kapab ankò! Kazèk la, mande ak direktè depatmantal edikasyon an degajel kou mèt jan jak pou’l enplante yon lekòl nasyonal nan wo seksyon l’ap dirije a.

Genson HYPPOLITE

gensonhyppolite8@gmail.com

Comments are closed.