Fiziyàd 3 jèn inosan nan lokalite “Chavez” nan Komin Kafou

05/08/2021
Lokalite Chavez, Kafou______(TRiboLAND) Plis pase yon douzèn bandi ak 4 motosiklèt enplike nan yon gwo zak kriminèl nan lokalite Chavèz, komin Kafou yè vandredi 7 me 2021 an.
Selon plizyè temwen, mesye yo te debake e simen yon katafal kout zàm panik ki okazyone lanmò 3 jèn pami yo youn ki tap dòmi anndan lakay li. Konsa, se panik nan tout nivo!
Konsekans, anpil nan abitan yo ki nan abi pwovizwa ap eseye retire kò yo nan menm zòn sa ke PNH la te deja fè yon latriye arestasyon ke popilasyon yo estime ki abitrè ak fè sou yon seri jèn ki inonsan.






