Yon lòt krim banditis nan Sen Lwi Dinò aswè a!

234

11\17\20

Sen Lwi Dinò____(TRiboLAND) Sa apènn genyen yon èdtan kote ke bandi apènn fizye yon sitwayen ki pote non Sarnel Seculhomme ke anpil moun rele Pastè, resevwa 3 katouch aswè madi 17 novanm nan vè 7è lanjelis konsa.

Pastè te chita nan biznis li nan gran ri vil la, lè endividi ame vide bal sou li nan boutik li. Li resevwa 3 bal nan lestomak. Pou koulya Sarnel ap pran swenyaj nan yon klinik nan vil Sen Lwi Dinò.


Tande ak wè se de! Nan jou sa yo bagay la mangonmen e li santi di nan Sen Lwidino akoz nèg ak zam k’ap simen panik jan yo vle e popilasyon an lage de bra pandye paske pa gen pèsonn pou ba yo sekirite.

Nap raple samdi swa bandi te atake lakay yon pastè e ba li plizyè bal. Men pastè a te defann tèt li e simen katouch sou sangwenn yo. Jiskilè nap kapab arive jwenn ti moso trankilite ak kè poze nan peyi sa ki pa sispann ap plonje nan lanfè?

Lesly Eliodor Joseph

Comments are closed.