Vyolans nan Basen Ble: yon mò ak yon blese anba bal yon polisye nan yon anbyans bal

474

04/26/2021

Basen Ble______(TRiboLAND) Yon Moun mouri anba koutzàm Lapolis, yon lòt blese gravman grav ak yon machin boule rapyetè, se bilan zak vyolans yo ki pwodui nan komin Basen Bleu, nan lannuit vandredi 23 avril 2021 an.

Ensidan sa rive pwodui nan yon Nightclub kote gwoup mizikal “Ekip” t ap anime nan okazyon fèt Saint – Georges, patwon vil Basen Ble. Yon polisye ki kantone nan komisarya Chansolm ki t ap retire stress nan anbyans lan aprè yon bouch louvri, te rale zam li epwi touye Charles Oslin ki te akonpanye mennaj li, Falanda Sévère Céa, ki te resevwa yon katouch. Tranpòte an ijans nan Lopital La providence nan vil Gonaïves, Charles Oslin te rann dènyè souf li nan vil
Gwomòn alòske mennaj li an, Falanda Sévère Céar ap resevwa swen ka li nesesite.

Daprè direktè depatmantal polis Nòdwè la, Daniel Compère, ensidan regretab sa okazyone popilasyon Basen Ble a te ankolè; te boule machine responsab komisarya Chansolm la ki te akonpanye prezime kriminèl la, Gédéon Durogène kite tire yon rafal koutzàm nan mache Basen Ble a avan li te chape pou l pou enspeksyon Jeneral PNH la, toujou daprè Daniel Compère ki t ap depoze nan mikwo TRiboLAND.

Comments are closed.