Marie Josette Malvoisin: yon pwofesè fakilte medsin kidnape

471

04/26/2021

Pòtpwens_____(TRiboLAND) Mezanmi nan ki sa Jovenel Moise lage peyi a! Yon moun kidnape chak 30 minit nan kapital peyi a. Jis kilè fanmiy ayisyèn nan ap fin kriye ak rune; tankou fanmiy pwofesè nan fakilte medsin ak Famasi Inivèsite Dayiti a, Marie Josette Mavoisin ke bandi sangwen yo pa arive idantifye kidnape nan moman li t’ap sot fè kou jodi lendi 26 avwil 2021 an.

Konsa, fanmiy viktim nan pa konnen ki sen pou li rele; alòske bandi sangwen yo poko fè tande vwa negosyasyon yo nan kad egzijans pou liberasyon yon kad ki reyèlman itil sosyete ayisyèn nan.

Comments are closed.