Institut Classique Toussaint Louverture fete 46 lane sèvis nan edikasyon nan vil Pòdpe

05/20/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Institut Classique Toussaint Louverture selebre jodi mèkredi 20 me 2026 la, 46 lane egzistans li nan vil Pòdpe anba direksyon fondatè li, Mèt Rock Clavaroche. Pou make okazyon an, yon Mès Aksyon de Gras chante nan katedral vil la anba direksyon Reveran Pè Jocelyn Dolcé. Plizyè santèn elèv, paran ak manm kò pwofesoral la te fè deplasman an pou patisipe nan gran selebrasyon sa ki make listwa enstitisyon an.
Nan omeli li, Reveran Pè Jocelyn Dolcé ankouraje elèv yo pran etid yo oserye pou yo kapab prepare yon pi bon avni, pandan li mande paran yo jwe wòl yo nan edikasyon pitit yo. Li fè konprann edikasyon rete youn nan pi gwo zouti pou bati sosyete a. Anbyans selebrasyon an te chaje ak emosyon ak fyète pandan elèv yo t ap rann omaj ak lekòl ki fòme plizyè jenerasyon nan rejyon an.
Pou pati pa li, Mèt Rock Clavaroche trase pakou Institut Classique Toussaint Louverture a, depi kreyasyon li pou rive jounen jodi a. Li fè konnen lekòl la pa t kòmanse ak gwo mwayen, men gras ak detèminasyon ak disiplin, li rive tounen youn nan referans nan domèn edikasyon nan Pòdpe. Enstitisyon an pwofite mete an valè dat nesans Toussaint Louverture, gwo ewo nwa ki te goumen kont lesklavaj, pandan li kontinye mache dèyè eslogan li ki di : « À l’Institut Classique Toussaint Louverture, on se fait tout petit avec les petits ».






