Fondasyon TRiboLAND kontinye envesti nan jèn yo ak yon fòmasyon gratis sou serigrafi nan Basen Ble

09/03/2026
Basen Ble, Ayiti _____(TRiboLAND) Fondasyon TRiboLAND kontinye angaje l nan fòmasyon jèn yo atravè divès inisyativ ki vize ba yo zouti pratik pou ranfòse kapasite ekonomik yo. Nan komin Basen Ble, fòmatè fondasyon an òganize yon fòmasyon gratis sou serigrafi nan Lekòl Nasyonal Jean Jacques Dessalines. Fòmasyon gratis sila te kòmanse madi 1e epi fini jodi mèkredi 2 septanm 2026.
Pandan de jou fòmasyon an, patisipan yo aprann plizyè teknik nan domèn serigrafi ak kreyasyon vizyèl, tankou teknik dekoupaj, kreyasyon estetik, konsepsyon logo pwofesyonèl ak itilizasyon entèlijans atifisyèl (AI) pou kreye logo. Yo aprann tou kijan pou mete foto ak desen sou mayo, tas ak tablo PVC, konpetans ki kapab sèvi yo kòm baz pou kreye pwòp ti aktivite ekonomik pa yo.
Plizyè patisipan ki te patisipe nan seyans yo eksprime satisfaksyon yo, pandan yo konsidere fòmasyon an kòm yon repons ak yon bezwen yo te genyen depi lontan. Pou Fondasyon TRiboLAND, objektif la se depase senp òganize fòmasyon epi mete zouti konkrè nan men jèn yo pou ede yo antre nan mond travay la, devlope antreprenarya epi jwenn plis otonomi ekonomik.
PDG Fondasyon TRiboLAND, Louis Louissaint, kontinye mete mwayen disponib pou fasilite aksè pou jèn yo ak fòmasyon teknik ak pwofesyonèl. Atravè inisyativ sa yo, fondasyon an ap ankouraje jèn yo pou yo pa sèlman tann yon djòb, men pou yo devlope konpetans ki kapab pèmèt yo kreye pwòp opòtinite ekonomik yo epi patisipe nan devlopman kominote yo ak peyi a.






