Yon lòt gwo kou pou asosyasyon majistra yo: Mèt Fritz Gérald Cérisier mouri asasine

501

Pòtopwens____(TRiboLAND) Association Nationale des Magistrats Haïtiens et le Réseau National des Magistrats Haïtiens manifeste anpil konstènasyon lè yo aprann avèk anpil emosyon asasinay sibtiti komisè gouvènman Pòtopwens lan, Fritz Gerald Cérisier jodi vandredi 19 jwen 2020 an vè 2 zè trant apwè midi a devan achiv nasyonal.

Nan yon nòt ki pote paraf Mèt Jean Wilner Morin, responsab ANAMAH yo ki te deja nan lapènn pou plizyè kòlèg yo ki te viktim zak asasinay ak kowonaviris, santi yo estomake avèk sitiyasyon vyolans ak ensekirite sa kap ekstèmine moun anndan peyi espesyàlman nan mitan majistrati ayisyènn nan.

Bò kote pa li, Réseau National des Magistrats Haïtiens (RENAMAH), konsidere asasinay Mèt Cerisier kòm “yon zak lach ki touche jous nan zo majistrati peyi a”; yon parèy krim montre a ki pwen pèsònn moun pa epanye. Konsa, 2 antite jidisyè sa yo egzije otorite yo yon ankèt pwese pwese yon fason pou ede yo wè klè nan asasinay kòlèg Cérisier a.

Comments are closed.