“Association des Jeunes Chrétiens Évangélique de Bassin” (AJCCBB) òganize premye asanble jeneral yo pou ane 2023 01-31-2023

1,082

01-31-2023

Basen Ble, Ayiti ____(TRiboLAND) AJCCBB ki rasanble jèn ki nan anviwon 17 legliz nan komin Basen Ble, òganize premye asanble jeneral yo dimanch 29 janvye 2023. Asosyasyon sila ki fonde nan lane 2022, genyen pou objektif : inifye jèn yo ki soti nan diferan legliz yo, batay kont delenkans jivenil, òganize aktivite entè legliz, òganize fòmasyon pou jèn yo, kolekte sa yo genyen pou reponn ak bezwen jèn ki andifikilte.

Asosyasyon sila pran nesans an novanm 2022, avan yon sèvis legliz anba lobedyans Romario Accilien. Premye rankont yo te fèt sou non ” Jèn an Priyè”, aprè konsiltasyon divès responsab legliz nan komin lan, yo vin rete sou non “AJCCBB”, komite asosyasyon an chita chak 4èm dimanch nan yon mwa, nan Legliz Nazarenyen, Ri Kapwa, epi reyini ak manb yo chak 3 mwa nan yon legliz ki fè pati Asosyasyon an.

Aktivite an pèspektiv pou ane 2023 a, gen pou wè avèk fòmasyon sou pwodwi chimik avèk TRiboLAND, yon Festi Evanjelik kap batize sou non ” Basen Ble an Lwanj nan prochen mwa avril la, yon Jeni Biblik kap fèt nan mwa jiyè e san konte lòt fòmasyon paralèl.

Comments are closed.