Okap: Yon polisye ki t ap pwoteje Premye Minis la agrese yon jounalis-kameramann TNH pandan kouvèti medyatik

80
0
Share:
TRiboLAND

07/31/2026

Kap Ayisyen, Ayiti _____(TRiboLAND) Jounalis-kameramann Avril Junior Jean-Louis, k ap travay nan Televizyon Nasyonal Ayiti (TNH), deklare li viktim yon zak agresyon fizik jodi vandredi 31 jiyè 2026 la pandan li t ap kouvri vizit ofisyèl Premye Minis Alix Didier Fils Aimé nan mache Ri 3, nan vil Okap. Daprè temwayaj li, malgre li te idantifye tèt li klèman kòm yon pwofesyonèl medya ki t ap fè travay li, youn nan polisye ki t ap asire sekirite Premye Minis la frape l ak fòs nan kou.

Daprè sa jounalis la rapòte, sitiyasyon an te ka pran yon pi move direksyon si Minis Travo Piblik la pa t entèvni pou kalme polisye a. Ensidan an soulve nouvo kesyon sou fason kèk ajan sekirite konpòte yo fas ak reprezantan laprès, sitou pandan aktivite ofisyèl kote jounalis yo gen misyon pou enfòme popilasyon an.

Zak sa a vin ajoute sou plizyè lòt ka vyolans ki deja rapòte kont jounalis an Ayiti pandan y ap egzèse metye yo. Plizyè òganizasyon k ap defann libète laprès toujou ap mande pou otorite yo pran mezi serye pou pwoteje pwofesyonèl medya yo epi asire dwa yo pou fè travay yo san entimidasyon ni agresyon.

Share:

Leave a reply