Enèji: BMPAD espere 200 mil barik diesel jodi madi a

Pòtoprens___(TRiboLAND) Van ratman diesel ki te gen tan ak sakaje peyi a, patikilyèman sèktè transpò a, pral rezoud daprè nomero 1 BMPAD la ki te deja anonse arive yon kagezon 2 san mil barik diesel ki ta supoze antre jodi madi 21 jwiyè a nan Pòtoprens.
Selon M. Saint-Fleur, ki vle pou tout moun rete tèt frèt, kagezon sa pral genyen ase esans ki pral pèmèt rezoud karans diesel la ki te gentan ap kreye panik sou mache a.






