Administrasyon Joe Biden nan bay referandòm konstitisyonèl Jovenel Moise la kanè

553

06/10/2021

Administrasyon Joe Biden nan rejte konplètman tout fòm pwosesis referandòm konstitisyonèl apwè Konsèy Elektoral Pwovizwà te deside ravwaye li pou yon lòt lè.

Aktivite referandòm sa yo ki te pwograme e konteste an majorite, arive fè bèk atè apwè anpil presyon ak opozisyon tout kalite. Nan yon odisyon sou bidjè 2022 ak Depatman Deta devan komisyon ki regle Bagay Lòt Dlo nan Kongrè Etazini an nan dàt 7 jwen 2021, secrete Deta Ameriken an, Antony Blinken deklare : “politik nou an ki dwe reflete sa nap di e sa nap fè : se kanpe an kwà kont referandòm nan pou tout rezon ke ou evoke yo”.


Comments are closed.