Pouvwa defakto Jovenel Moise la inogire yon lòt nouvo sant sante nan Gran Pre, nan zòn solèy leve peyi Dayiti

369

04/25/2021

Gran Nò________(TRiboLAND) Gouvènman defakto Jovenel Moise la pa sispann miltipliye inogirasyon pwojè patikilyèman nan zòn solèy leve peyi Dayiti. Nan yon semen, li inogire 4 nouvo sant sante.

Vandredi 23 avwil 2021, pouvwa defakto PHTK a inogire yon nouvo sant sante nan Gran Pre, 2èm seksyon kominal Katye Moren zòn Mon Pele, depatman Nò. Se remoni an dewoule an prezans pwemyè dàm defakto a, Martine Moise, Doktè Marie Gréta Roy Clément, Minis Sante Piblik la ki te genyen avèk li Dirèktè Alatèt la Doktè Laure Adrien ak Doktè Ernst Robert Jasmin ki se Direktè depatmantal sante Nò a san konte yon latriye lòt otorite rejyonal.

Yon parèy sant sante, genyen kapasite pou delivwe yon pakèt sèvis konsiltasyon tankou: egzaminasyon pou ti inosan, fanm ansent ak planifikasyon familyàl. Akote sa, sant tou limen sa konte delivwe egalamn sèvis ki gen pou wè avèk tès depistaj pou malaria, tibèkuloz, dyabèt, ipètansyon ateryèl ak VIH-SIDA.

Apwè yon parèy inogirasyon, delegasyon gouvènmantal la pat pran tan pou te fè kap Dondon nan samdi 24 la pou inogire nouvo sant sante Bwostaj la; sa ki fè yon total 4 sant sante ke gouvènman defakto PHTK a inogire nan yon semèn apwè nouvo sant sante Bawon an, nan depatman Nò peyi a.

Pou anpil moun, peyi a gen digdantan depi ke li pa viv nich pwojè sa yo; “inisyativ sa yo fè peyi a panse ak miltiplikasyon yon latriye pwojè sou ansyen gouvènman Dumarsais Éstimé a,” dapwè Wilner Telemaque 92 lane, sitwayen nan Gran Nò peyi a e ki pa sispan bay ochan pou Jovenel Moise!

Comments are closed.