Zanmi ak senpatizan ap mobilize nan vil Pòdpè pou òganize yon Mach “Ce n’est qu’un au revoir” nan memwa pwezidan Jovenel Moise

708

07/15/2021

Pòdpè_____(TRiboLAND) Demen vandredi 16 jwiyè 2021 an, plizyè gwoup moun tout tandans nan popilasyon pòdpè a, ap òganize yon Mach “Ce n’est qu’un au revoir” nan memwà pwezidan Jovenel Moise. Se tou sèktè san distenksyon atravè depatman an ki poko reyèlman vle asèpte yon asasinay chèf deta a 7 jwiyè dènye lakay li nan Pèleren 5.

Fwoustraksyon popilè kap degaje nan mitan popilasyon an nan depatman Nòdwès la, pa yon bagay mens. Anpil kritik rete kwè, se apwè reyalizasyon funeray ekselans lan, moun pwàl viv nan depatman an efè domino yon parèy pèt kolosal.

Pou anpil sitwàyen ki pa bouke kriye sou kadav Jojo, tankou yo toujou rele’l nan vil la, deklare e menm sèmante ke : “krim sa pap pase menm jan ak bèf Seid la”. Gen lòt tout ki deklare, se politisyen ak boujwà Repiblik Pòtopwens ki ponyade yo yon lòt fwà ankò yon fason pou Nòdwès kapab kontinye ap naje nan salte ak povwete absolu!

Se reyèlman yon doulè ou yon tranche  pèsòn moun pat espere viv nan tan modèn sa”, dapwè Exantus Dorélien ke Jovenel Moise te konn toujou ede ak frè eskolè menm avan ke li te pwezidan.

Pwotokòl “Mach” demen vandredi a ta sanble chita sou tenu tankou : jip ou pantalon nwà e mayo, wòb ou chemiz blan pou tout patisipan yo. Balèn tou lumen ak yon melanj refren litani dlo nan je, pwàl pèmèt nonsèlman pou tout patisipan ekspwime santiman yo anvè Jojo, men pou demontre ansyen lidè PHTK a te repwezante yon rèv pou yo. Posesyon an konte pakouri tout boulva Twà Rivyè a nèt ale, yon kichòy ke defen an te gentan reyalize pou popilasyon Pòdpè a. Rive nan bèl antre vil la, gen apil posiblite pou kèk nan òganizatè, notàb ou sèvitè piblik pwezante nan sikonstans lan yon ti bat bouch pou di S.E.M. Jovenel Moise,  “Ce n’est qu’un au revoir”!

Jovenel te genyen 25 lane marye ak Martine, ki se yon pitit vil Pòdpè. Jovenel te yon businessman trè koni nan site Kapwà Lamò e ki chaje anpil fanmiy nan Ba Nòdwès!

Comments are closed.