Palmantè ak boujwa mafya kase bwàt sekrè ONA

0 364

Pòtopwens__(TRiboLAND) Ta sanble se tout bon vre Leta Ayisyen vle mete akote tout atitud reselè nan kache kòripsyon palmantè ak boujwa eskanmòtè ki dechèpiye bwat sekrè ONA.

Selon kèk revelasyon bò kote Newton Saint-Juste ki se avoka kap pare kou pou gouvènman an e ki tou se chèf dòkès kap rele chalbarik dèyè men long kap fini avèk kès peyi-a, fè eta de yon lis byen long.

Lis Avoka Saint-Juste la fè eta divès palmantè ak lelit moun rich yo ki pat sispann tete manmèl bèf ONA a; pami yo ou ka jwenn: depute Jerry Tardieu, gwo patwon Otèl Oasis la,  Senatè Youri Latortue san bliye Komèsan Reginald Boulos ak divès lòt ki toujou pwetann rele apwè kòripsyon.

Antouka, Leta Ayisyen mande Komisè Gouvènman Pòtopwens lan pou l fè yon manyè mete deyò divès enfòmasyon legal ki gen pou wè avèk gwo magogo lajan mesye yo pwete nan kondisyon ki pa klè ditou; patikilyèman yon rezo machann ak vandè kap fasilite lòt moun pwete lajan ONA e tire benefis nan jan de deal sa yo.

Dapwè Mèt Newton, se yon veritab rezo kòripsyon! Yo mete yon seri pwogram sou pye yon fason pou kapab fini ak fon leta peyi a. Pami pwogram sa yo ou jwenn ONAPHARMA ak ONAMART swadizan ONA tap finanse alòske enstitisyon vyeyès la pa jamè resevwa yon peni kòm ranbousman. Dapwè Saint-Juste, manman Senatè Youri Latortue ki se Imamacula Carmène Cantave jwenn yon kout ponya plizyè milyon goud avèk yon to enterè 3% ke li gen pou ranbouse sou 10 zan alòske grandèt la gen 83 zan.

Konsa, annafè pa dòmi di; manje pa niche chodyè! Leta Ayisyen detèmine pou atake epidemi kòripsyon an jis nan zo. Kidonk, sitwayen kap swiv operasyon koukouwouj la estime pap genyen oken palmantè ki inosan, tèlman gen annafè! Anplis, yo swete wè se pa epizòd sinema kap jwe la!

Leave A Reply